|
Paske nou pa kapab fèmen bouch listwa. Paske nou pap janmen bliye pil zak maspinay kraze zo yo. Paske gran majorite ya pa konnen tout bagay posib. Paske nou dwe raple memwa nou tout si nou bliye sa nou pase, nou ka reviv yo. Paske nou dwe lite kont tout konplo pou femen bouch majrite a, kont tout kase fèy kouvri sa, epitou kont tout vye diskou emperialis ki mete nou sou kote, ki ta vle fè konprann pou nou antere bliye sa nou pase, bliye viktim yo ak protagonis yo, fanmi yo, tout moun kap goumen nan sosyete a, avoka defansè, entèletyèl yo ak tout groupman imanitè nan tout rakwen nan Lamerik la, nou vle reyini nou pou tanmen you dyalòg entèjenerasyonèl, epitou pou nou denonse, enfòme e analize reyalite nap viv jounen jodi a. Nou vle antann nou pou nou kreye mannyè pou nou prevwa epitou proteje nou devan flanbe vyolans ak enpinite zòt ki sou pouvwa kab dirije yo.
Nou menm ki deside fè gro rasanbleman sa a, nou remake gen anpil bagay ki te deja pase lotrefwa, ki reparèt sou teren an ankò sou plisyè fòm nan peyi nou yo nan Lamerik la, epitou jodi a, tankou nan tan lontan, nou konstate kijan vye pouvwa kraze zo atoufè, ki vle fè nou konprann ke ènmi, jwif, pòv, etranje ak imigran se menm bagay ak teoris, kòmkwadire yo ta vle di menm bagay, nan entansyon pou enpoze yo sou nou, pou fè nou kwè se yo ki gen laverite, sa yo di se sa paske se yo ki bay lòd; yo vle agi nan sans sa a pou cabre nou pandan yap sèvi al lajisitis sou "legalize lenpinite" nan tou peyi, sèvi ak prizon ankachèt pou tòtire, maspinen, vyole, disparèt moun, san konte tout konsekans sa pote pou viktim ak pròch viktim yo.
Nou panse si nou rete bouch fèmen, nou konplis tou. Se pou nou pale pou pote limyè. Yo ta vle fè nou kouri ale kache pou nou pa pale de bagay sa yo, simen la pèrèz lè yo mete moun nan prizon, maspinen epi disparèt moun, men zak sa yo dwe fè nou reziste pi plis. Se poutèt sa, nou vle tande, konnen temwayaj viktim yo, pote bon jan limyè pou konnen laverite epitou chache konnen nan listwa, pou nou kapab konprann kisa ki te pase reyèlman vre, kouman sa te pase. Paske lè nou mete tout sa sou papye, nou fè kòmantè sou yo epitou nou pataje sa entre nou, sa ap pèmèt nou konnen kisa kap pase jounen jodi a, lè grand pwisans yo nan konplisite a kèk leta nasyonal nan desizyon gro ponyèt rive mete soupye you nouvo kat jeopolitik de emisfè nou an pou ka fè kanpay pou gro zouzoun entènasyonal you pou ka reyalize gro projè pa yo nan enterè pa yo, tankou you mannyè tou nèf pou mete men sou tèritwa nou yo epitou dechèpiye tout resous ak richès natirèl nou yo sou pretèks ke yap konbat larebèldi, pandan ke ya mete nouvèl baz militè, yo retornen ak VI Eskwadron, yo peye mesenè prive kap fonksyone ankachèt, ak group pamilitè yo, bay kou anba tab, epi fè teoris mediatik.
Nou panse ke, no sèlman nou dwe konnen ki orijin ak ki kote doulè nou soti, nan ki fason leta limenm li ap itilize zak teoris ak pouvwa pèp la pou jisitifye zak briganday babari, men tou nou bezwen demaske lojik moun sa yo a davans, depi nan konsepsyon yo, epitou netralize tout fòs fènwa yo. Devan sitiyasyon latèrè tou nèf sa a, se kouri sistèm sa a mande nou kouri pou jan l iban nou degoutans epitou pou jan li fè moun pè. Men si nou pa kouri jan yo ta renmen an, sa egzije nou rete vigilan, sa mande pou toujou rete annalèt. Lè nou rete ansilans epi nou kase fèy kouvri sa, lè nou rete endiferan, lè nou rete bouch pe devan enpinite, sa fèmèt ke vyolans ak teoris leta a toujou kontinye vale teren. Si nou pa vle bliye tout bagay sa yo, se pa paske nou vle vanje, men se paske nou pa vle reviv bagay sa yo you lòt fwa ankò.
An fonksyon de tout sa nou di la yo, nou reprann kri tout pèp nan emisfè a pou nou konvoke tout moun ki enterese nan Premye Rankont nan Lamerik la kont Envite ki ap taímen nan 20-21 Juin 2009.
Plus d'information: http://www.contralaimpunidad.org
|